Frem ak sem yo an nou loue non Senye a, an nou fe louanj pou li a chak instant nan lavi nou. Bay Senye a gloire nan tout circonstance, fe louanj li le ou malad, ba li gloire le ou pa gen manje pou ou manje, fe louanj Senye a le ou jwenn persecussion, bay Bondye gloire le fanmi yo leve kont ou.
Zanmi mwen, an nou aprann viv pou Bondye, an nou fe tankou serviteur li a ki te rele Job la, an nou di se Bondye ki bay se Bondye ki pran, ke non li soit loue. Pa janm bliye pou ou fe louanj pou Senye a, pa kite problem fe ou joure Bondye, pa kite tribulation fe ou di pa gen Bondye, li toujou la pou ou zanmi mwen. Bay Bondye a gloire non fre mwen, gade jan ou te konn chante, ou gen bel voix pou ou fe louanj Sauveur a men ou kite tristesse fe ou pa ka chante anko.
Zanmi mwen pou sa Bondye fe pou ou, pou jan Bondye sa a bon pou ou, pou vale expedition yo fe nan deye ou epi Senye a epanye ou de yo tout, poukisa ou dekouraje pou ou bay Senye a louanj ke li merite. Di Bondye ou vle loue li anko, mande li force e lap ba ou tout sa ou mande li si ou mande li ak la foi. Frem bay Senye a gloire li merite tande, si ou Bezwen gen victoire sou enmi kap persecute ou yo se pou ou fe louanj Senye a tande.
Mwen mande Bondye pou li fe ban mwen force pou mwen pa dekouraje, e mwen ordonner tout sa ki nan mwen pou fe louanj Senye, wi map kontinye fe louanj li menm si enmi mwen yo ta fe mwen vini pi malere ke yon moun kap domi nan lari, sa se promesse mwen fe Bondye. E ou menm, kisa ou vle promet Bondye fre mwen. Mwen mande ke Bondye ki gen tout pouvoir a va guider ou menm kap li message sa, pou li ka ouvri zye ou e pou li kapab ba ou anpil sagesse ak intelligence pou ou ka fe sa ki byen nan non li. Ke Bondye beni ou fre mwen ak se mwen yo.
Se sister ou, zanmi ou Irlande, ke Bondye inspire pou ekri ti konsey sa a pou ou. Si Bondye mete sou coeur ou pou ou priye pou servante ou, pa neglije fe sa paske Bondye gen grace ak benediction pou chak pitit li ki pran en charge pou ede yon lot. Merci anpil fre mwen, se mwen.
Efesyen 3:20 Tout lwanj lan se pou Bondye. Paske, ak pouvwa k'ap travay nan nou an, li kapab fe pi plis pase tou sa nou ka mande, pi plis pase tou sa nou ka mete nan lide nou.