Ayiti: Anpil Lidè Kretyen Mobilize Pou Eleksyon 2005 yo
Chérubin Dorcil Washington03-02-2005
Edisyon 3 fevriye 2005 la Koute Edisyon 3 fevriye 2005 la
Tandiske peyi dAyiti ap prepare yon seri eleksyon ki fikse pou ane 2005 la, responsab Legliz yo ap multipliye efò yo pou fidèl kretyen yo ka pran responsablite yo e patisipe nan tout nivo.
Paj Relijyon an envite Rev. Chavannes Jeune, ki se responsab yon gwo oganizasyon ki rele HAVIDEC (Haiti Vision Deuxieme Centenaire) ak Mèt Osner Févry, ki se prensipal lidè Pati Demokrat-Kretyen Ayisyen, PDCH.
Yo pale sou aktivite yo ak pozisyon divès sektè te adopte nan yon forum, yon gwo rasanbleman, ki te dewoule nan weekend 29 janvye a nan zòn Lake Worth, pa lwen West Palm Beach, nan sid eta Florid. Klike sou lyen anwo paj sa a si ou ta renmen tande kòmantè envite sa yo, Chavannes Jeune ak Osner Févry.