Rele Jezu paske se li sel ki ka edew nan moman difisil ou yo
Mwen pat ka domi, mwen te santi mwen trouble, mwen te konnen Bondye la avem men mwen telman santi mwen lwen li mwen pat ka santi prezans li bo kotem. Si yon moun ou pa kretyen ou pap ka konprann sa map di ou la. Le ou chwazi pou ou fe sa ki byen pou Bondye enmi ou an ki se satan fe tout sa li kapab pou li twouble ou, e plis ou chache Bondye se plis enmi an chache jwenn jou pou li fe ou tonbe. Li jalou anpil, travay li se pou li fe ou fe sa ki pa bon pou li ka tou anchennen ou anba kod li men si ou rete kwe nan Jezu anyen mal pap rive ou.
Koute zanmi mwen yo, sa map di nou la se verite, le satan vle pou li fe ou pedi koneksyon avek Bondye, li chache tout taktik pou li jwenn ou e le li jwenn ou se sa li vle lap fe avek ou. Pou ou pa tonbe se pou ou rete fem nan la foi ke ou gen nan Bondye, e si ou ta gentan rive tonbe pran kouraj tounen vin jwenn Bondye, mande li padon pou peche ou yo, priye li avek la foi lap padone ou e lap delivre ou. Pandan map di nou sa mwen menm, mwen se yon moun ki pesekite anpil, enmi sa li chache jwenn mwen depi mwen timoun, deviz mwen se pou mwen sevi Bondye net ale, men enmi an li pa vle mwen rive, avek kouraj ke Bondye ban mwen mwen konnen map rive kanmenm, frem ak sem yo priye pou pitit Bondye yo le yo jwenn difikilte sou rout yo, konsa Bondye va beni ou plis toujou e lap epanye ou nan male, priye pou mwen anpil chak jou paske si Bondye pa la nan lavi mwen mwen met tou di mwen se manje diab la. Li rete tankou yon kochon ki chita anba pye mango kap tann mango tonbe pou li manjel, bouch li tou ouve, pa kite enmi sa a fe nou wont, Bondye tou pwisan li pap kite nou peri si nou priye li ak la foi, mwen bezwen aide nou fre mwen yo, paske mwen deside sevi Bondye seryezman, mwen di menm si mwen mouri men fok mwen pale pou Bondye kotem pase, fok mwen ede lot yo ki deyo a pou yo ka vin bwe dlo nan sous ki pap janm sispann bay dlo a, men se konsa tou enmi an di lap fe lavim mizerab, men mwen pa peur mwen konnen Bondye la. Avek Jezu mwen pi assure, avek li map genyen viktwa. Ann sevi Bondye nou an tout bon vre e si ou pa ko konn Jezu sa map pale ou a, si ou rete toujou ap sevi satan, si ou te chita ap bay hougan manje lajan ou, si ou te konn fe diab la ap benyen ou ak fanmi ou ak vle dlo santi, kouri kite vye bagay sa yo, vin jwenn Jezu sa ki ba ou tout sa ou bezwen gratis, sel sa li bezwen se kwe nan li. Tanpri frem yo vini jwenn Jezu.
Mwen menm mwen se yon jeune fi ki ap viv ozetazini, men mwen te fet e grandi en Haiti, depi mwen te timoun paran mwen montrem koman pou mwen viv pou Bondye, mwen pat ko gen konesans e diab la se soti pou li manjem, lem te vin gen 5 ans Bondye fe mwen gen konesans e li montre mwen plan li gen pou mwen. Le sa priye paran mwen yo pat ka fe anyen pou mwen anko paske mwen te vin gen konprann pou tet pa mwen. Lem te vin gen 6 ans sou tet mwen mwen te mete ajenou fe yo priye pou mwen e mwen di mwen pran Jezu pam lan sa mwen genyen pou pi bon zanmi mwen kounyea pou tout tan, e depi le sa diab la pa janm manke pesekitem, men mwen ka di gras a Dye ke mwen toujou kanpe e mwen la map lute malgre difikilte mwen jwenn sou wout mwen. Jodia mwen gen 25 ans e Bondye toujou fe mwen sonje lavi mwen ak rout li fe avem soti depi nan laj 3 ans pou jou jounen jodi a. Si wap soufri jodia pa dekouraje paske Bondye ka fe anpil bagay pou ou tou. Priye pou mwen nan priye ou yo e mwen garanti ou ke rekonpans ou ap gran nan syel la. Ou menm ki jeune, ou ka santi ou tro sofistike pou ou pale pou Bondye, men sonje li di ou si ou pa vle pale li va fe roch yo pale pou li. Pa sere Bondye nou an anba tab, se pou nou pale de li tout kote nou pase paske le enmi an frape nou manman nou ak papa nou pap ka fe anyen pou nou, zanmi pap ka ede ou, se sel Bondye ki ka fe yon bagay pou ou.
Zanmi mwen, ou konnen sim te ou menm mwen tap kouri pran Bondye e kite tout vye coutume diab la. Ou pa konnen kile wap mouri, email sa se ka denye email wap li, e kisa sa ap fe pou ou si ou kwe ke ou pi gran neg pase tout zanmi ou yo e menm tout moun ki sou te a epi pou ou ta mouri san Bondye? Mwen konseye ou pou ou pran Bondye sa tande fre mwen yo. Li pap janm kite ou pou ou kont ou le ou jwenn ak li. Ke gras Bondye rete sou ou pou tout tan e tout letenite.